A LA TRAY




Pandan m Chita sou bwa vèna ak de twa zanmi
Mwen wè yon bèl ti dam k ap pase  
Nan vizaj li mwen te kapab wè tout sousi lavi l
Donk, an bon jènjan mwen ye, mwen apwoche l
Epi m di l :  «  Belle madame, comment ça va ? »
Lè sa, nan je li mwen te wè yon gwo rivyè dlo k ap koule
Li esplike m nan lavi l anyen pap byen mache
Tout lasent jounen se latwoublay
Pou nenpòt ti bagay
Epoutan, li di mwen, avan sa bagay yo pat konsa
« Kisa ki  pase ? »  mwen mande li  
Li reponn mwen , menm li menm li pa konnen  
Sèl sa l ka di m, avan yo te konsidere l tankou pi bèl fanm sou Katye a
Yo te menm ba l ti non jwèt pote « pèl la »
Men kounye a bagay yo diferan
Pou nenpòt ti van nan lavi l dife pran
Kounye a, li di mwen, yo pa vle wè l
Yo pa vire je gade l ankò
Li di mwen tou, gade li sou wout pou l tonbe, pa gen youn ki lonje men ba l
Pa gen youn nan zanmi l yo ki vire je gade l
Mwen mande l : « Kisa w te fè zanmi sa yo ? »
Li di mwen « Anyen
Kwè m, nan koze sa mwen pa antò  
Kòm tout moun mwen jis pat vle depann de anyen
Tankou tout fanm mwen pat vle sèlman depann de yon moso pen
Oubyen de sa zanmi ka lonje banmwen
Mwen te vle vinn yon fanm ki djanm,
Yon fanm ki endepandan
Men depi lè sa sou katye a y ap gade m  yon jan
Mwen pat konnen si aprè sa yo t ap trete m diferan
Moun ki te di yo te zanmi yo, pa vle banm bò ankò
Menm rad yo santi yo ta chire sou po mwen
Sa ki pi tris lan, menm pwòp pitit mwen pa mande m sa m pot pou vann
Men, yo menm, mwen padone yo
Avèk tout kè mwen, mwen padone chak grenn nan yo  
Paske mwen pi pito yo souri lòt kote pase m gade yo k ap soufri anba pye mwen.
Se sa ki ta dwe yon bon manman »
Menm kote an, mwen wè li mare ti pakèt li pou l ale
Mwen di : « Hey ti madanm, di mwen non, kijan ou rele ?»
Li di mwen :  « Sa vle di ou pa konnen mwen ? Kidonk, manman w pat pale w de mwen ?  
Non pa m se Ayiti
Ayiti tè beni »
A la tray pou Ayiti
A la tray pou Ayiti tè beni
Mwen ak zanmi m yo di
 
 

Rivalson Appoleus

Commentaires