A LA TRAY
Pandan m Chita sou bwa vèna ak de twa zanmi Mwen wè yon bèl ti dam k ap pase Nan vizaj li mwen te kapab wè tout sousi lavi l Donk, an bon jènjan mwen ye, mwen apwoche l Epi m di l : « Belle madame, comment ça va ? » Lè sa, nan je li mwen te wè yon gwo rivyè dlo k ap koule Li esplike m nan lavi l anyen pap byen mache Tout lasent jounen se latwoublay Pou nenpòt ti bagay Epoutan, li di mwen, avan sa bagay yo pat konsa « Kisa ki pase ? » mwen mande li Li reponn mwen , menm li menm li pa konnen Sèl sa l ka di m, avan yo te konsidere l tankou pi bèl fanm sou Katye a Yo te menm ba l ti non jwèt pote « pèl la » Men kounye a bagay yo diferan Pou nenpòt ti van nan lavi l dife pran Kounye a, li di mwen, yo pa vle wè l Yo pa vire je gade l ankò Li di mwen tou, gade li sou wout pou l tonbe, pa gen youn ki lonje men ba l Pa gen youn nan zanmi l yo ki vire je gade l Mwen mande l : « Kisa w te fè zanmi sa yo ? » Li di mwen « Anyen Kwè m, nan koze sa mwen pa ...